CCJ travay pou lapè

Ayiti nan mitan yon kriz sosyopolitik kote gang ak zam kontwole plis pase 60% kapital Pòtoprens lan. Katye tankou Site Solèy, Bèlè ak Sen Maten pa epanye. Komite Konsiltatif Jèn gen pou misyon defann lapè, reyentegrasyon ak patisipasyon lòt jèn epi fè pwomosyon pou koyezyon sosyal nan katye sa yo. Malgre ensekirite ak ensatbilite ki afekte lavi yo chak jou, CCJ ap travay pou atenn objektif li yo.

PWOMOSYON POU LAPÈ

Defann lapè, reyentegrasyon ak patisipasyon jèn yo pou yon chanjman pozitif épi dirab an Ayiti.

ATELYE AVÈK KOZRI

CCJ konn òganize kozri ak fòmasyon pou jèn yo sou diferan tematik pou fòme yo, epi chache ki pi bon strateji ke nou ka jwenn pou yon rezolisyon sou pwoblèm nap konfwonte nan kominote nou yo.

PÒTE VWA JÈN YO PI LWEN

CCJ se yon gwoup jèn ki vreman angaje epi ki pwodwi kontni sou rezo sosyo epi sou sit entènèt li a. CCJ kwè ke vwa jèn yo ta sipoze rive pi lwen avèk plis fòs. Istwa sa yo dekri reyalite lavi jèn yo nan Pòtoprens.

Kontak

Si ou gen kesyon oubyen ou ta renmen pale avèk manm CCJ yo, itilize fòmilè sa!

E-mail
ccjhaiti@gmail.com

Facebook
@ ccjayiti

Instagram
@comiteconsultatif