Inondasyon
CHITA PALE SOU INONDASYON NAN SITE SOLEY
Inondasyon nan zon Site Solèy, Bèlè ak Sen Maten, se yon pwoblèm enpòtan pou jèn yo. Lè gwo lapli tonbe, inondasyon an afekte lavi moun yo nan kominote nou yo. Moun yo pèdi byen materyèl yo, dlo ale ak pyès enpòtan, kay yo konn kraze, bèt peyizan yo ale, moun rive pèdi lavi yo, li strese moun yo a koz dlo ak fatra anvayi tout kote popilasyon an te konn reyini.
Simon, ki se yon jèn Site Solèy, èksplike pwoblèm inondasyon konsa: " Pwoblèm inondasyon pa vini poukont li. Lè dlo desann nan zòn nou yo, li pòte maladi epi li fè kondisyon ijyiyèn difisil. Inondasyon an afekte lavi ekonomik nan kominote a tou. Li fè moun yo pa ka ale nan mache epi ti biznis yo paka fonksyone."
CCJ vle ajoute sou sa lè inondasyon vini nan zòn frajil yo, pwoblem sikilasyon nan kominote a kote ke dlo a anvayi vin fè anpil moun abandone kay yo paske li envivab pou yo. Ajoute sou sa pwoblèm konstriksyon nan Site a koz lavi moun yo an danje chak jou ki pase. Finalman pa gen okenn prepare si ta gen yon katastwòf natirèl tankou siklòn.
Jou ki te 25 Mars 2024 la, CCJ (Comité Consultatif Jeunes) te rive fè yon aktivite kozri ak 20 jèn nan Site Solèy (Sakala). Ki objèktif kozri sa te genyen: fè jènn yo pale de reyalite yo epi pwopoze solisyon sou pwoblèm ke nou tout ap viv nan katye nou yo. Pandan kozri sa, anpil solisyon pwopoze pou diminye risk inondasyon nan kominote a.
Eustache rezime pwopozisyon yo konsa: "Popilasyon mande pou Leta mete plis mwayen pou asenisman ka fèt bò lakay nou yo. Nou kwè ke popilasyon an bezyen fòmasyon ak sansibilizasyon, epi pou Meri a pran angajman l. Leta gen rèsponsabilite pou l netwaye kanal yo, devlope pwojè resiklaj yon fason pou ede jèn yo gen yon rantre, epi li ta dwe konbat fatra ak mete poubèl pou jesyon dechè yo. Map di sa tou, jèn yo vle patisipe na plante pye bwa!"
CCJ kwè ke tout moun ka mete men yo nan travay ki dwe fèt, men li enpòtan pou plis materyèl disponib pou fè netwayaj nan konbit. CCJ ap kontinye fè pwomosyon pou zòn nou yo vin pi pwòp epi pou nou tout fiyè de katye nou.